Ki moun ou ka kouvri

 

 

Antanke anplwaye kalifye, ou ka kouvri:

  • Tèt Ou
  • Konjwen/patnè domestik legal ap kalifye pou kouvèti asirans medikal nan kad Plan an si yo pa kalifye pou kouvèti asirans medikal kolektif travay yo patwone nan antrepriz yo a. Egzijans sa a pa aplike pou kouvèti asirans dantè oswa vizyon.
    Eksepsyon: Koup ki nan yon konpayi, chomè, travayè endepandan, moun ki anplwaye men yo pa ofri kouvèti asirans travay la patwone, COBRA sèlman, oswa moun ki kouvri ak Medicaid, Medicare, oswa TRICARE.
  • Pitit ou yo ki genyen ladann pitit natirèl ou, pitit moun ki marye avè w la, timoun ou akeyi, pitit ou adopte legalman pa adopsyon oswa plasman pou adopsyon, timoun tribinal la ba w dwa pou w se gadyen legal yo, ak pitit patnè domestik ou. Timoun kalifye yo gendwa kouvri jiska fen mwa kote yon timoun ki kouvri rive nan laj 26 lane.
  • SONJE: Pwòp pitit ou oswa pitit patnè w yo pa oblije: etidyan a plen tan, ap viv avèk ou oswa se depandan taks ou.

Tèt Ou

Ou kalifye pou kouvèti anba Disney Signature Benefits Plan ("Plan an") si w se yon anplwaye aktif a plen tan (ki genyen ladann anplwaye pwojè siplemantè) ki pwograme regilyèman pou travay 30 èdtan oswa plis pa semèn epi se pa yon kontra negosyasyon kolektif ki kouvri yo pandan premye jou Ane Plan an.

Kalifikasyon pou Plan an pou anplwaye aktif oswa tan pasyèl ki pwograme regilyèman pou travay 30 èdtan oswa plis pa semèn ki kouvri ak yon kontra negosyasyon kolektif ki kouvri yo pandan premye jou Ane Plan an sou baz kontra negosyasyon kolektif la. Ou pa kalifye pou w patisipe nan Plan an si Konpayi a pa klase w tankou yon anplwaye, kèlkeswa detèminasyon kontrè Sèvis Revni Entèn (IRS) oswa nenpòt ajans gouvènman oswa desizyon ta vin pran annapre.

Ou gendwa genyen obligasyon pou w travay yon sèten kantite jou avan w vin kalifye pou avantaj sa yo ("peryòd atant" lan), sou baz sitiyasyon travay ou oswa kote travay ou a twouve l la.

Si w ap viv Hawaii, selon lwa Hawaii ou kalifye pou kouvèti si w pwograme pou w travay regilyèman 20 èdtan oswa plis pa semèn pandan kat semèn youn apre lòt. Anplwaye tan pasyèl ak tanporè/peryodik jeneralman pa kalifye pou kouvèti. "Anplwaye tan pasyèl aktif" se anplwaye Konpayi a ki pwograme pou travay regilyèman mwens pase 30 èdtan pa semèn regilyèman. Yon anplwaye tan pasyèl gendwa pwograme pa okazyon pou li travay plis pase 30 èdtan nan nenpòt semèn, men nan okenn ka anplwaye sa a ta dwe genyen lè travay (ki genyen ladann lè yo peye pandan peryòd espesifik pou absans apwouve) ki bay yon mwayèn 30 èdtan oswa plis pa semèn pandan yon peryèd 52 semèn. "Anplwaye tanporè" aktif se anplwaye Konpayi a ki te pwograme pou travay sou yon baz tanporè ki egal a 30 semèn oswa mwens pandan yon peryèd 52 semèn, kèlkeswa kantite èdtan yo travay pa semèn. "Anplwaye peryodik" aktif se anplwaye ki pwograme pou travay regilyèman mwens pase 30 èdtan pa semèn nan fason peryodik, pa entèmitans oswa sou baz sezonye. Yon anplwaye peryodik gendwa pwograme pa okazyon pou li travay plis pase 30 èdtan nan nenpòt semèn, men nan okenn ka anplwaye sa a ta dwe genyen lè travay (ki genyen ladann lè yo peye pandan peryòd espesifik pou absans apwouve) ki bay yon mwayèn 30 èdtan oswa plis pa semèn pandan yon peryèd 52 semèn.

Anplwaye k ap patisipe nan yon pwogram etidyan (Pwogram Kolèj oswa Pwogram Estaj) k ap dire plis pase sis mwa, keseswa nan kòmansman pwogram inisyal la oswa k ap pwolonje nan yon pwogram k ap vini annapre, ap kalifye pou kouvèti anba Lwa sou Swen Abòdab sou baz kalifikasyon pandan evalyasyon apwopriye ACA a. Ou pa kalifye pou w patisipe nan Plan an si Konpayi a pa klase w tankou yon anplwaye, kèlkeswa detèminasyon kontrè Sèvis Revni Entèn (IRS) oswa nenpòt ajans gouvènman oswa desizyon ta vin pran annapre.
Ou gendwa genyen obligasyon pou w travay yon sèten kantite jou avan w vin kalifye pou avantaj sa yo ("peryòd atant" lan), sou baz sitiyasyon travay ou oswa kote travay ou a twouve l la. Apati 1ye janvye 2027, peryòd atant lan se 90 jou pou anplwaye ki pa nan California ak Hawaii.

Konjwen oswa patnè Domestik

Konjwen legal/patnè domestik kalifye w la se yon moun ou marye legalman avèk li (amwenske ou separe legalman avèk li ak yon òdonans tribinal), sa ki genyen ladann maryaj moun ki genyen menm sèks oswa moun ki plase kote yo otorize sa. Nenpòt moun ki nan yon inyon sivil menm sèks pa kouvri anba Plan sa a antanke konjwen legal men yo gendwa kalifye pou yo kouvri kòm patnè domestik.

Pou kouvèti k ap kòmanse apati 1ye janvye 2027, konjwen/patnè domestik ap kalifye pou kouvèti asirans medikal nan kad Plan an si yo ranpli kondisyon kritè kalifikasyon epi yo pa kalifye pou kouvèti asirans medikal kolektif travay yo patwone nan antrepriz yo a. Eksepsyon: Koup ki nan yon Konpayi, chomè, travayè endepandan, moun ki anplwaye men yo pa ofri kouvèti asirans travay la patwone, COBRA sèlman, oswa moun ki kouvri ak Medicaid, Medicare, oswa TRICARE.

Yon patnè domestik sèks opoze oswa menm sèks dwe:

  1. Genyen laj 18 lane epi genyen konpetans pou li antre nan yon kontra;
  2. Li te angaje nan yon relasyon avèk ou pandan 12 mwa ki sot pase yo, epi nou tou de dakò relasyon an pèmanan (y ap egzonere peryòd 12 mwa minimòm nan si yo rekonèt ke oumenm ak patnè domestik ou a anrejistre antanke patnè nan yon inyon sivil oswa sitiyasyon legal similè selon lwa federal oswa eta aplikab yo;
  3. Ap viv ansanm avè w nan menm rezidans;
  4. Pa genyen ankenn lyen parante avèk nan san oswa maryaj;
  5. Pa yon anplwaye Konpayi a ki kalifye pou kouvèti medikal Konpayi a patwone;
  6. Pa marye ak ankenn lòt moun epi pa nan ankenn lòt patenarya domestik, inyon sivil oswa relasyon similè ak yon lòt moun; epi
  7. Entèdepandan avè w sou plan finansye; chak moun responsab pou depans, ak obligasyon finansye pou lòt la.

Anplwaye k ap deziyen patnè domestik la dwe:

  • Genyen laj 18 lane pou pi piti;
  • Pa marye legalman ak ankenn lòt moun epi pa nan ankenn lòt patenarya domestik, inyon sivil oswa relasyon similè ak yon lòt moun; epi
  • Konfime patnè domestik ou ranpli tout kondisyon règ kalifikasyon pou patnè domestik.

Tanpri sonje w peye taks sou salè w (selon règleman eta a) pou kouvèti medikal, dantè, vizyon, kont depans fleksib gadri depandan, swen rezèv, ak/oswa sèten asirans vi, ak kouvèti pou patnè domestik ak pitit yo, selon egzijans IRS yo. Si ni oumenm, ni patnè domestik ou se anplwaye Disney, ou gendwa swete enskri nan fason separe.

Timoun yo

Timoun ki gendwa kouvri jiska fen mwa a kote yon timoun ki kouvri rive nan laj 26 lane ki se:

  • Pitit natirèl
  • Pitit moun ki marye avè w la
  • Timoun ou akeyi
  • Timoun ou adopte legalman pa adopsyon oswa plasman pou adopsyon
  • Timoun tribinal nome w kòm gadyen legal li
  • Timoun patnè domestik ou
  • Timoun ki genyen andikap si li reponn ak kondisyon annapre yo:
    • Li te vin genyen andikap pandan oswa avan fen mwa kote li te genyen 26 lane a;
    • Li te kalifye pou, epi enskri nan, kouvèti medikal Konpayi a esponnsorize a avan fen mwa kote li te genyen 26 lane a;
    • Li pa kapab sipòte tèt li paske li genyen andikap mantal oswa fizik; epi
    • Se oumenm ki sipòte li sou plan finansye.

Verifikasyon depandan yo

Se responsablite w pou w bay enfòmasyon ki egzat, konplè, epi ajou konsènan depandan w swete yo konsidere pou kalifikasyon an. Disney fè odit enskripsyon nan plan yo pa peryòd pou li asire ke se sèlman depandan ki kalifye ki kouvri. Disney rezève tèt li dwa pou li mande dokimantasyon pou nenpòt oswa pou tout depandan yo. Si w pa kapab bay dokimantasyon yo egzije yo, y ap retire depandan w lan nan plan an. Egzanp dokimantasyon yo gendwa mande w se:

  • Sètifika maryaj
  • Deklarasyon taks federal oswa eta a
  • Sètifika nesans oswa adopsyon
  • Relve bankè konjwen oswa dokiman asirans
  • Dokiman ipotèk konjwen oswa kontra lwaye

Verifikasyon Depandan K ap Fèt an 2027

Nan kòmansman 2027, yo pral fè yon verifikasyon depandan pou konfime kalifikasyon tout depandan ki reenskri yo (depandan yo fèk ajoute yo pa ladann). Si w reenskri depandan nan kouvèti w la pou 2027, y ap kontakte w pa imèl lè moman an rive pou soumèt dokiman ki soutni kalifikasyon pou chak depandan ou reenskri nan asirans medikal, dantè, ak/oswa vizyon. Si w rate dat limit la oswa ou pa kapab bay prèv, y ap retire depandan yo nan kouvèti asirans lan.

Dokimantasyon obligatwa:

Kalifikasyon Dokiman Obligatwa

Konjwen

Konjwen legal ou marye a

(Konjwen ki separe legalman ak divòse pa kalifye pou kouvèti)

Moun Ki Plase

Moun ki Plase Legalman te dwe etabli nan yon eta ki rekonèt relasyon an.

Li Otorize Aktyèlman nan: CO, IA, KS, MT, RI, TX, DC.
Kloz Granpè (si li est. anvan): SC (7/25/19), AL (17), PA (05), OK (98), GA (97), ID (96), OH (91).

Sètifika Maryaj
Yon kopi sètifika maryaj ou (anrejistre ak eta/konte a)

Pou moun ki plase legalman, yon kopi sètifika maryaj enfòmèl ou oswa yon nouvo atestasyon ke w plase ki fèk ranpli (atestasyon disponib sou demann)

EPI

Relve Finansye Konjwen
Yon kopi YON (1) Relve Finansye Konjwen ki genyen dat 90 jou nan entèval soumisyon. Dokiman tankou kontra lokasyon, lwaye ak anrejistreman machin dwe genyen dat entèval 12 mwa.

Egzanp dokiman finansye konjwen genyen ladann, men pa limite avèk:

  • Fakti Depans Piblik
  • Relve bankè oswa kat kredi
  • Relve Ipotèk oswa kontra lwaye aktyèl
  • Asirans otomobil, pwopriyetè kay, oswa lokatè
  • Anrejistreman machin valid
  • Deklarasyon taks federal (Fòmilè 1040) oswa deklarasyon taks eta a ki pi resan ki montre se de moun ki te ranpli li

Si pa genyen dokiman konjwen ki disponib, y ap aksepte dokiman endividyèl Anplwaye (oswa Manm Ekip) ak konjwen ki montre menm rezidans nan menm entèval tan an.

Sonje: Ou gendwa kache nenpòt enfòmasyon finansye, enfòmasyon sou kont ou, ak premye senk chif nimewo sekirite sosyal ou oswa nenpòt relve finansye.

Patnè Domestik

Patnè domestik kalifye w ki pa fanmi w

Yon Atestasyon Patnè Domestik ki fèk ranpli apati seksyon Fòmilè ak Atestasyon Tablo Kontwòl la OSWA Sètifika Patenarya Domestik eta a bay la

EPI

Yon kopi YON (1) Relve Finansye Konjwen ki genyen dat 90 jou nan entèval soumisyon. Dokiman tankou kontra lokasyon, lwaye ak anrejistreman machin dwe genyen dat entèval 12 mwa.

Egzanp dokiman finansye konjwen genyen ladann, men pa limite avèk:

  • Fakti Depans Piblik
  • Relve bankè oswa kat kredi
  • Relve ipotèk oswa kontra lwaye aktyèl
  • Asirans otomobil, pwopriyetè kay, oswa lokatè
  • Anrejistreman machin valid
  • Chak nan Deklarasyon Taks Federal (Fòmilè 1040) ki pi resan an ki montre menm adrès la

Si pa genyen dokiman konjwen ki disponib, y ap aksepte dokiman endividyèl Anplwaye ak patnè domestik ki montre menm rezidans pandan menm entèval tan an.

Sonje: Ou gendwa kache nenpòt enfòmasyon finansye, enfòmasyon sou kont ou, ak premye senk chif nimewo sekirite sosyal ou oswa nenpòt relve finansye.

Pitit Natirèl oswa Timoun yo Adopte Legalman

Sètifika nesans eta a oswa konte a ki montre non Anplwaye (oswa Manm Ekip) oswa yon òdonans tribinal siyen.

Si sètifika a montre yon non legal avan sa pou ou, tanpri bay dokimantasyon chanjman non an (egz., sètifika maryaj).

Pitit moun ki marye avè w la

Sètifika nesans eta oswa konte a ki montre non paran yo (youn ladan yo ta dwe konjwen w), EPI

Yon kopi sètifika maryaj ou (anrejistre ak eta/konte a), EPI

Yon kopi YON (1) Relve Finansye Konjwen ki genyen dat 90 jou nan entèval soumisyon epi yo te voye li bay de pati yo. Dokiman tankou kontra lokasyon, lwaye ak anrejistreman machin dwe genyen dat entèval 12 mwa.

Egzanp dokiman finansye konjwen akseptab genyen ladann, men pa limite avèk:

  • Fakti Depans Piblik
  • Relve bankè oswa kat kredi
  • Relve ipotèk oswa kontra lwaye aktyèl
  • Asirans otomobil, pwopriyetè kay, oswa lokatè
  • Anrejistreman machin valid
  • Deklarasyon Taks Federal (Fòmilè 1040) ki pi resan an ki montre se de moun ki te ranpli l.

Si pa genyen dokiman konjwen ki disponib, y ap aksepte dokiman endividyèl Anplwaye (oswa Manm Ekip) ak konjwen ki montre menm rezidans nan menm entèval tan an.

Pitit Patnè Domestik ou

Tanpri sonje, patnè domestik ou a pa genyen obligasyon pou li enskri aktivman nan kouvèti

Sètifika nesans eta oswa konte a ki montre non paran yo (youn ladan yo ta dwe patnè domestik ou a), EPI

Yon Atestasyon Patnè Domestik ki fèk ranpli (oswa Sètifika Patenarya Domestik eta a bay la) EPI

Yon kopi YON (1) Relve Finansye Konjwen ki genyen dat 90 jou nan entèval soumisyon epi yo te voye li bay de pati yo. Dokiman tankou kontra lokasyon, lwaye ak anrejistreman machin dwe genyen dat entèval 12 mwa.

Egzanp dokiman finansye konjwen akseptab genyen ladann, men pa limite avèk:

  • Fakti Depans Piblik
  • Relve bankè oswa kat kredi,
  • Relve ipotèk oswa kontra lwaye aktyèl
  • Asirans otomobil, pwopriyetè kay, oswa lokatè
  • Anrejistreman machin valid
  • Chak nan Deklarasyon Taks Federal (Fòmilè 1040) ki pi resan an ki montre se te menm adrès la.

Si pa genyen dokiman konjwen ki disponib, y ap aksepte dokiman endividyèl Anplwaye (oswa Manm Ekip) ak patnè domestik ki montre menm rezidans nan menm entèval tan an.

Timoun tribinal nome w kòm gadyen legal li

Yon Òdonans Tribinal Siyen

Timoun ou Akeyi

Yon lèt ajan sèvis sosyal siyen ki konfime yo plase timoun nan anba responsabilite w, EPI

Yon kopi deklarasyon taks 1040 ou (paj 1 sèlman) sezon taks ki pi resan an ki site timoun nan kòm depandan taks ou.

Timoun yo voye yon Òdonans Sipò Medikal pou Timoun (QMCSO) ba Ou pou li

Yon Òdonans Tribinal Siyen

Aprann plis sou Enskripsyon Avantaj Anyèl.